SI PATISIPAN AN GEN MWENS PASE 18 AN, YON PARAN, OSWA MOUN KI RESPONSAB LA DWE SIYEN FÒMILÈ SA A.
Eksperyans sou Tèren an:
Klas 3yèm ak 7yèm ane:
Elèv yo pral deyò nan SWA Greenway Trail System kote yo pral aprann sou Ekosistèm Everglades la, entèraksyon ant bèt ak plant, epi kijan yo konekte ak sistèm sa (SWA). Y ap gen opòtinite pou yo wè kijan aktivite endistriyèl yo ka mache ak lanati. Eksperyans sa ap gen ladanl l yon ti mache a pye pou yon distans ki égal a 1.6 kilomèt. Poutèt sa, nou rekòmande pou pote espre kont moustik ak krèm protèj kont solèy.
Klas 4yèm ak 6yèm ane:
Patisipan yo ap patisipe nan yon aktivite ki amizan epi edikatif kote y ap aprann sou pwosesis ki transfòme fatra an enèji pandan y ap vizite Sant Edikasyon an ak lòt enstalasyon, tankou sant resiklaj. Elèv yo ap aprann kijan SWA (Solid Waste Authority) jere fatra nan Konte Palm Beach , poukisa resiklaj enpòtan, epi kisa sa yo ka fè pou ede. Li obligatwa pou mete pantalon long.
Klas 5yèm ak 8yèm ane:
Patisipan yo ap patisipe nan yon aktivite amizan epi edikatif kote y ap aprann sou pwosesis ki transfòme fatra an enèji. Pandan pwogram nan, y ap mennen patisipan yo vizite kote moun pa abitye wè nan Enstalasyon Enèji Renouvlab #2 SWA a. Vizit la ap gen ladan li yon apwòch detaye sou pis fatra a, kote pifò fatra Konte Palm Beach yo ye, epi y ap wè yon zouti ki ka kenbe jiska uit tòn fatra alafwa, ansanm ak operatè yo ki kontwole yo. Li obligatwa pou mete pantalon long.
Lekòl Segondè / Gwoup Kominotè:
Patisipan yo ap patisipe nan yon aktivite amizan epi y ap aprann anpil bagay sou kijan fatra ka tounen enèji. Pandan pwogram nan, y ap mennen patisipan yo vizite kote moun pa abitye wè nan Enstalasyon Enèji Renouvlab #2 SWA a. Vizit la ap gen ladan li yon apwòch detaye sou pis fatra a, kote pifò fatra Konte Palm Beach yo ye, epi y ap wè yon zouti ki ka kenbe jiska nèf tòn fatra alafwa, ansanm ak operatè yo ki kontwole yo. Dapre jan bagay yo òganize, yo ka fè yon vizit nan machin tou pou al gade lòt enstalasyon tankou Enstalasyon Enèji Renouvlab #1, sèvis piblik yo, antretyen, depo fatra, Sistèm Santye Greenway,
biosolid yo, ak sant resiklaj yo. Se yon vizit detaye ki adapte ak enterè gwoup la. Tanpri prepare w pou mache yon distans ki ekivalan a twa teren foutbòl. Nou rekòmande w mete chemiz manch long ak pantalon long.
Tout Laj:
Aktivite a ka gen ladan li monte nan asansè, mache yon distans ki long, epi monte plizyè mach eskalye pou jwenn aksè nan kèk zòn. Li obligatwa pou patisipan yo mete soulye ki fèmen epi ki konfòtab pou mache. Nou ankouraje patisipan yo pote yon boutèy dlo ki ka itilize ankò.
Si ou bezwen akomodasyon espesyal, tanpri fè nou konnen lè w ap aplike.
Kòm kondisyon pou patisipe nan pwogram ak aktivite edikatif Solid Waste Authority (SWA) nan Konte Palm Beach ap òganize, ki gen ladan l pwogram ak aktivite ki ka mande aksè nan zòn ki pa ouvè pou piblik la anjeneral, mwen, (paran oswa moun ki responsab), dakò pou m libere, renonse, dechaje, epi angaje m pou m pa pouswiv òganizasyon an ansanm ak tout responsab li yo, direktè li yo, manm konsèy li yo, sipèvizè, ajan, sèvitè, oswa anplwaye li yo (yo rele yo ansanm “moun yo libere” nan dokiman sa a) pou nenpòt responsablite, reklamasyon, demann, oswa nenpòt aksyon legal ki ka soti oswa ki gen rapò ak nenpòt pèt, domaj, maladi oswa blesi, lanmò, ke mwen oswa byen pèsonèl mwen ka sibi pandan mwen sou nenpòt lokal, oswa nan nenpòt machin ke Otorite (SWA) yo posede, oswa pandan mwen ap patisipe nan pwogram oswa aktivite ke Otorite yo ofri, enkli men ki pa limite a okenn pèt, domaj, maladi oswa blesi ki te koze pa risk natirèl oswa pa neglijans oswa omisyon moun yo libere yo. Mwen okouran de tout risk ki genyen lè m ap patisipe nan pwogram ak aktivite nan lokal yo, ak nan machin Otorite (SWA) yo, men sa pa limite a, risk ki gen rapò ak monte oswa desann nan bis (SWA) yo, monte eskalye, vwayaje nan machin SWA yo, nan zòn kote ka gen kamyon fatra, trelè, lòt ekipman lou, epi posiblite pou rankontre bèt sovaj tankou kwokodil, koulèv venime, kout dan bèt sovaj, piki ensèk oswa plant, ak grafouyen ki soti nan plant oswa nan anviwònman an. Mwen pran tout responsablite, nan pwòp volonte mwen, pou nenpòt risk kit li natirèl oswa pa natirèl, ki gen rapò ak nenpòt pèt, domaj sou byen, maladi oswa blesi pèsonèl, lanmò, kèlkeswa jan sa fèt, ke mwen ka soufri pandan m sou lokal la, oswa nan machin òganizasyon SWA yo, oswa pandan m ap patisipe nan nenpòt pwogram oswa aktivite òganizasyon an ofri. Anplis de sa,
mwen dakò pou m dedomaje epi pwoteje moun yo libere yo kont nenpòt pèt, responsabilite, domaj oswa depans, kèlkeswa kòz la, ki gen lagan depans tribinal ak frè avoka, ki ka rive an rapò ak patisipasyon mwen nan pwogram ak aktivite yo oswa prezans mwen nan lokal, oswa nan machin òganizasyon an, oswa pandan m ap patisipe nan nenpòt pwogram oswa aktivite òganizasyon an ofri. Deklarasyon sa a libere epi bay dedomajman pou tout reklamasyon ki ta ka fèt kont moun yo libere yo pou nenpòt blesi ki ka rive lè m ap monte oswa lè m ap desann machin òganizasyon an. Antant sa a fèt pou li sèvi kòm yon
liberasyon ak yon garanti dedomajman total an favè òganizasyon an, nan limit lalwa pèmèt sa.
LI FÒM SA A KONPLÈTMAN AK ATANSYON. OU DAKÒ POU ANGAJE NAN YON AKTIVITE KI KA DANGERE. OU DAKÒ KE, MENM SI SOLID WASTE AUTHORITY (SWA) NAN KONTE PALM BEACH PRAN PREKOSYON POU BAY AKTIVITE SA A, GEN YON CHANS OU KA BLESE GRAV OUBYEN MOURI LÈ W PATISIPE NAN AKTIVITE SA A PASKE GEN YON SÈTEN DANJE NAN AKTIVITE SA KI PA KA KONPLÈTMAN EVITE NI ELIMINE. LÈ W SIYEN FÒMILÈ SA A, OU AP ABANDONE E OU AP RENONSE TOTALMAN A DWA OU POU RETOUNEN NAN SOLID WASTE AUTHORITY (SWA) NAN KONTE PALM BEACH NAN YON PROSÈ POU NENPÒT BLESI PÈSONÈL, LANMÒ, SOU TÈT OU OSWA NENPÒT DOMAJ NAN PWOPRIYETE KI REZILTE A RISK AKTIVITE A. OU GEN DWA REFIZE SIYEN FÒMILÈ SA A, MEN SOLID WASTE AUTHORITY (SWA) NAN KONTE PALM BEACH GEN DWA REFIZE KITE OU PATISIPE SI OU PA SIYEN FÒMILÈ SA A.
Sòf si mwen make kesyon “Piblikasyon Foto” a kòm “Non”, mwen bay Solid Waste Authority (SWA) nan Konte Palm Beach, moun k ap travay yo, moun ki gen lisans yo, ak reprezantan legal yo dwa irevokab pou itilize, gratis, non mwen (oswa nenpòt non fiktiv), foto m, pòtrè m, imaj mwen, ak/oswa anrejistreman vwa mwen ak resanblans mwen, sou tout fòm ak medya, ki gen ladan foto, videyo, ak tout reprezantasyon rezo sosyal, san bi likratif, objektif piblik oswa edikatif, epi mwen renonse a nenpòt dwa pou enspekte oswa apwouve pwodwi fini a, ki gen ladan kopi ekri ki ka kreye an koneksyon avèk li, ak nenpòt reklamasyon oswa dwa a konpansasyon pou itilizasyon sa a.
Anplis de sa, mwen konprann ke pwogram ak aktivite mwen pral patisipe nan yo se volontè nan nati e ke mwen se benefisyè prensipal pwogram ak aktivite sa yo; epi mwen pa gen dwa a, epi Òganizasyon an pa responsab pou, nenpòt konpansasyon, salè oswa avantaj, ki gen ladan men ki pa limite a salè, konpansasyon travayè ak benefis enfimite.
Mwen sètifye ke mwen te li epi mwen konprann totalman Konsantman anlè a, Dechaj, Akò konpansasyon ak Fòmilè Otorizasyon an. Mwen sètifye ke m ap siyen fòmilè sa a lib e volontèman e mwen konprann lè m siyen fòmilè sa a m ap abandone anpil dwa pou pitit mwen ak/oswa tèt mwen.